Nan liv sila genyen lapenn, genyen rèl, gen vyolans, gen yon souf lespwa. Si pafwa otè a fè eksè nan jan li dekri peyi a, men ofon powèm yo touchan. Pafwa yo tankou bèl peyizaj, yon bèl lorizon. Men pafwa gen anpil rèl, madoulè. Otè plis enspire de reyalite a. Pwezi Stéphanie an sireyalis, li chita sou imaj. Se yon chan lanmou tou ki ekri avèk sal resanti ak sa ki sòti nan fon kèl. Li mete an valè sansasyon. Pwezi a ap fè lektè a santi emosyon yo epi lap pèmèt yo wè sa otè a santi nan kè l. Epitou zèv powetik sila byen reflete richès lang kreyòl la. Tranzit se yon istwa k ap rakonte, se yon istwa k ap miyonnen, se yon rèv k ap bay lòt rèv tete. Tranzit se yon pawòl djanm, tris, men an menm tan, se yon deklarasyon lanmou.
Shelf progress
Tranzit
Stephanie Madjiny Vital
Top Reviews
0No visible reviews yet for this book.
Your Rating